Chaplet en Créole Haitien

Chaplet en Créole Haitien

Dans cet article vous trouverez les prières du Très Saint Rosaire en Créole Haïtien.

Sommaire

Sign la Kwa * Signe de la Croix

O non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen An. Amèn.

Kredo Apot yo * Credo

Mwen kwè nan Bondye, Papa a ki gen tout Pouvwa.
Li kreye syèl la ak tè a.
Mwen kwè nan Jezu Kri, sèl pitit Bondye.
Li se Granmèt nou an.
Se pa pouvwa Lespri Sen an kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj e li tounen yon moun.
Li soufri sou regn Pons Pilat, yo klourel' sou kwa a,
Li soufri e yo antere li.
Li desann anba te.
Sou twazyèm jou li leve byen vivan sot nan pami mò yo.
Li monte nan syèl la e li chita adwat Papa a ki gen tout Pouvwa.
Li gen poul' retounen pou jije ni vivan ni mò.
Mwen kwè nan Lespri Sen an.
Mwen kwè nan Legliz Katolic la ki Sen e ki pou tout moun.
Mwen Kwè Bondye ap rasamble tout moun ki fe byen.
Mwen kwè Bondye padone peche yo.
Mwen kwè kò moun ki mouri yo va leve byen vivan.
Mwen kwè nan lavi ki pap janm fini an. Amèn.

Papa nou * Notre Père

Papa nou ki nan syèl la,
Se pou yo rèspekte non ou;
Se pou yo rekonèt se ou ki Rwa;
Se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la.
Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodiya,
Padonen sa nou fè ou tankou nou padone moun ki fè nou kichoy.
Pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak sa ki mal. Amèn.

Mari se pou kontan * Je Vous Salue

Mari se pou kontan.
Ou menm ki plen favè,
Granmèt la avèk ou.
Li beni ou pase tout fi,
E li beni Jezi, pitit ou fè a.
Mari, ou sen,
Ou se Manman Bondye, nou se pechè.
Lapriyè pou nou jodiya
Ak lè nou prèt pou nou mouri. Amèn.

Viv Papa a * Gloria

Viv Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an.
Kòm o kòmansman, ni jodi a, ni toulejou epi tout tan gen tan. Amèn.

O Jezu * O, Mon Jesus

O Jezu, padone peche nou,
sove n anba dife lanfè,
Minnin tout noun nan syèl,
sitou sa ki pi bezwen kè sansib ou a.

Lòt Priyè * Autres Prières

Sonje Manman * Souvenez-Vous

Sonje Manman yo pa janm di ke ou abandone
moun ki vinn cheche proteksyon, sekou, oubyen padon nan min ou.
Se ak konfyans sa a mouin prese vinn jouin ou.
Pendan m’ap ploye anba kantite peche mouin m-vini nan pye ou.
Tanpri, Manman Pawol Bondie ki vinn moun nan,
Pa meprize priye mouin, min tande-l avek bonte e pi reponn mouin. Amèn.

Salu, Rèn * Salve Regina

Salu, Rèn, Manman kè sansib, lavi nou, plezi nou, espwa nou, salu.
Kote ou n'ap rele, nou menm pitit Èv yo ki egzile yo.
Kote ou n'ap plenn, n'ap plenyen, n'ap kriye nan bafon la penn sa a.
Ebyen avoka nou, vire je kè sansib ou kote nou.
Apre egzil sa a montre nou Jezi, fwi vant ou a ki beni an.
Ou menm ki sen, ou menm ki bon, Mari ki Vyèj. Amèn.

Sonje Sacre Kè * Souvenez-Vous O Sacré Cœur de Jésus

Sonje Sacre Ke Jezu tou sa ou fe pou sove nanm nou et pa kite nou peri.
Sonje ou rinmin nou depi lontan avek yon rinmin ki pap janm fini.
Pa repouse nanm sa yo ki vinn jouin ou pandan n’ap defayi anba pwoblem nou,
Pandan lapen ap fini avek nou.
Pran pitie feblez nou, gen la pen pou jan gin danje bo kote nou.
Gen ke sansib pou jan la vi a ap fe nou jemi.
Se avek anpil konfyans, avek rinmin nou vin touche ke ou Jezu.
Jan ou bon, montre ou gen pitie pou nou e ou rinmin nou.
Plede kot Papa a pou nou.
O non San ou ki te koule pou nou an e ki pa gin pri a,
O non tout sa ou te fe pou Bondye kontan avek ou,
Ba nou fos san feblez nou,
Konsole nou nan la pen nou.
Ba nou graz pou nou toujou rinmin ou
E pou presanz ou toujou nou minm. Amèn.

Mistè Rosè Yo * Les Mystères du Rosaire

Mistè Kè Kontan * Mystères Joyeux

Lè Lendi ak Samdi [Lundi et Samedi]

  1. Anonsyasyon [Annonciation]
  2. Vizitasyon [Visitation]
  3. Nativite [Nativité]
  4. Prezentasyon Jezu nan tanp la [Présentation au Temple]
  5. Josèf ak Mari jwenn Jezu ke yo te panse pèdi [Recouvrement]

Mistè Limiè * Mystères Lumineux

Lè Jedi [Jeudi]

  1. Batèm [Baptême de Jésus]
  2. Nòs Kana [de Cana]
  3. Premye predikasyon [Annonce du Royaume et appel à la conversion]
  4. Jezu transfigure devan premye disip li yo [Transfiguration]
  5. Premyè mès ak discip li yo [Institution de l'Eucharistie]

Mistè Doulè * Mystères Douloureux

Lè Madi ak Vandredi [Mardi et Vendredi]

  1. Agoni nan jaden jetzemani [Agonie à Gethsémani]
  2. Flajelasyon [Flagellation]
  3. Yo mete yon kouròn epin sou tèt li [Couronnement d'épines]
  4. Yo fèsl pote kwa a [Portement de Croix]
  5. Jezi mouri sou kwa a [Mort de Jésus sur la Croix]

Mistè Glwa * Mystères Glorieux

Lè Mèkredi ak Dimanch [Mercredi et Dimanche]

  1. Jezi resisite [Résurrection]
  2. Jezi monte nan syel [Ascension]
  3. Lespri Sen desann sou apòt yo [Pentecôte]
  4. Mari monte nan glwa papa a [Assomption]
  5. Mari resevwa rekonpansans li nan nan Men Papa a ki fèl Rèn syèl la [Couronnement de Marie dans les cieux]

Wikimedia Foundation. 2010.

Contenu soumis à la licence CC-BY-SA. Source : Article Chaplet en Créole Haitien de Wikipédia en français (auteurs)

Игры ⚽ Поможем написать реферат

Share the article and excerpts

Direct link
Do a right-click on the link above
and select “Copy Link”